Local Beats
  • English
  • Credits
  • English
  • Credits
Search by typing & pressing enter

YOUR CART

Picture

An n danse ansanm,
​an n viv ansanm!

“Local Beats” se yon seri aktivite nan Somerville MA kote n ap fè fèt pou n kreye kominote.
Picture
Sa se aktivite k ap akeyi tou kalte moun san diskriminasyon. DJ nou yo jwe mizik ki soti tou patou nan monn lan. Sa pral ankouraje kwazman kilti, kwazman lang, kwazman mizik ak kwazman moun. Nou vle rasanble plizyè kominote nan yon espas ki gen danse, mizik ansanm ak respè youn pou lòt.

Tanpri, ede n kreye espas sa a kote tout moun ava santi yo alèz pou yo rilaks epi pou yo danse, kèlkeswa laj, kilti, etnisite, oryantasyon seksyèl, kit se fi, kit se gason!
Donasyon pral ede n òganize pi plis aktivite pou kominote a, gratis ti cheri!

The Center for Arts at the Armory

191 Highland Avenue
Somerville, MA 02143
(617) 718-2191

“Center for Arts at the Armory” se yon òganizasyon ki pa pou pwofi. Adrès la se ant “Davis Square” ak “Union Square” nan Somerville, Massachusetts. Sant lan chita nan yon bilding ki istorik e ki sèvi kòm yon sant atistik pou kominote ki rete nan zòn Somerville.

Pwochen aktivite

Jen 29

Synth Bop

6:30PM – 10:30PM (GRATIS!)
Machin tanbou, sentetiz, ak lyrics misheard! (Robot) dans nan orijinal pòp, elektwo, ak disko mutant soti nan deseni sot pase yo.
Otobis
Si w ap vin nan sòbwe oswa otobis
Estasyon MBTA “Porter Square” ak “Davis Square” se 10-20 minit a pye. Epi tou, ou ka pran otobis MBTA nimewo 88 oswa 90 k ap lage w nan Highland ak Benton Avenue, epi w ap fè yon ti mache 5 minit pou rive nan “Center for the Arts at the Armory”.
Machin
Si w ap vin nan machin ou
Paking nan lari gratis lè dimanch nan Somerville, sof si gen pankat ki anpeche sa. Gen yon paking gratis dèyè “Center for the Arts at the Armory”. Epi tou, gen paking adisyonèl nan 112 Central Street ak 75 Belmont Street.

Si ou pral bwè alkòl, tanpri, se mèt kò ki veye kò: pran taksi oswa mande yon lòt moun kondui pou ou!
Picture

Mizik ki gen plizyè lang ladan

DJ nou yo jwe yon melanj mizik ki popilè, mizik ki ra, mizik ki modèn. Se mizik ki soti tou patou nan monn lan! Nou bese volim bas la. Epi tou, volim mizik la p ap twò fò: pa plis pase 95 desibèl. Kon sa, ou ka pale san pwoblèm.
Picture

Bwason ak manje

N ap gen fwi ak ti goute (“snack”) gratis! Epi w ap ka achte bwason (diven, byè, ji) ak desè nan kafe a.
Picture

N ap akeyi moun tout laj

N ap kontan akeyi timoun tout laj depi yo ka vini ak paran oswa lòt granmoun ki responsab yo. Ka gen manje ki gen pistach, zanman ak lòt engredyan ki bay alèji. Tanpri tcheke lis engredyan yo anvan nou achte.
 

Kontakte nou

Powered by Create your own unique website with customizable templates.